KOUMAN POU CHACHE ÈD SOU MWENS PASE 96 ÈDTAN DE ATAK LA:
-
A) Si gen yon ijans medikal epi ou gen aksè a yon telefòn:
- ETAP 1: Ale nan yon kote ki seki epi rele 911 touswit!
- ETAP 2: Esplike operatè 911 la sa ki pase epi mande pou yo voye w nan yon depatman ijans ki se yon 24/7 SAFE Center of Excellence espesyalize (Sant Ekselans SAFE ki deziyen 24 sou 24, 7 jou sou 7)
- ETAP 3: Pa chanje rad ou, benyen, pran douch oswa bwose dan w.
-
B) Si w PA ka rele 911 pou nenpòt ki rezon epi PA gen ijans medikal:
- ETAP 1: Pa chanje rad ou, benyen, pran douch oswa bwose dan w.
- ETAP 2: Ale nan yon lopital ki se yon Sant Ekselans SAFE espesyalize ki deziyen 24 sou 24, 7 jou sou 7.
Ale nan Depatman Ijans ki pi pre w la si:
- Ou pa ka rele 911
- Gen yon ijans medikal.
- Ou pa ka ale nan yon sant SAFE
BAGAY KI ENPÒTAN POU KONNEN:
- Toujou rele 911 anvan! Operatè 911 yo ak chofè anbilans yo konnen kote tout sante SAFE yo ye epi yo dwe ofri w pou mennen w nan youn. Si yo pa ofri w sa, ou dwe di yo pou mennen w nan yon sant SAFE
- Ou pa oblije fè yon rapò ak lapolis oswa pòte kilpablite. Men si w vle fè sa, li pi bon pou yo ranmase prèv yo sou 96 èdtan (4 jou) depi vyòl la fèt
- Nan sant SAFE la ou pral resevwa yon evalyasyon medikal konplè pral gen yon egzaminasyon fizik, tretman pou blesi, ranmase prèv, ak/oswa konsèy. Yo pa pral fè w fè okenn bagay ou pa vle fè epi ou ka refize nenpòt pati nan evalyasyon sa a.
- Si w pa gen okenn blesi fizik ke w ka wè, ka gen kèk blesi fizik ke w pa ka wè, epi sant sante a pral ba w sèvis anplis tankou tès pou maladi ki transmèt nan sèks epi ba w medikaman ki pou ede w pa vin ansent.
- Swen Egi (ijan) se swen imedya ou ka resevwa sou 96 èdtan (4 jou) apre atak la. Kalite swen sa a gen tretman fizik blesi epi pale ak yon defandan kriz vyòl ki ka refere w pou jwenn plis èd nan katye w.
- Swen ki pa egi (ki pa ijan) se swen ki pa imedya ou ka resevwa apre 96 èdtan (4 jou) apre atak la fèt. Ou ka resevwa kalite swen sa a sou kèlke semenn oswa kèlke zane apre atak la te fèt. Swen sa yo se konsèy akoutèm ak/oswa alontèm, ak/oswa ale kay doktè oswa nan yon klinik pou tès (tankou gwosès, VIH, etc.).