BeSafeNYC.org

Si yo atake w seksyèlman,
RELE 911 touswit.

MANDE SWEN nan yon Sant SAFE ki nan
sal dijans lopital nan tout
senk konte yo.

PA PÈDI TAN! Pa benyen oswa chanje rad ou.

Epi sonje, se pa fòt ou.

Nan Sant SAFE yo, sèvis la gratis epi konfidansyèl,
epi PA gen engajman legal si w pa vle.

Rele 911. Paske vyòl SE yon ijans.

You need Flash player 8+ and JavaScript enabled to view this video.

REMAKE: Senaryo ki nan videyo sa yo pa rive toutbon epi se aktè ki ladan yo/

SANT EKSELANS SAFE YO bay pasyan ki sibi yon atak seksyèl yo sèvis

  • Swen ak sensitivite ki prive epi ak konpasyon epi ki fèt nan chanm apa
  • Swen sante medikal ak legal yon Sexual Assault Forensic Examiner (SAFE) (Egzaminatè Legal sou Atak Seksyèl) ki antrene spesyalman pou sa ap bay. Yon SAFE se yon travayè swen sante tankou yon doktè oswa enfimyè ki ranmase prèv, rapòte blesi, epi kenbe prèv yo an sekirite si toutfwa pasyan ta deside pou li repòte krim la bay moun ki ranfòse lalwa yo.
  • Yon Konseye ki an fòmasyon pou bay sipò mantal, emosyonèl ak legal oswa yon Defandè Viktim yo
  • Rekòmandasyon pou swen sante mantal ak fizik ak sèvis swivi.
Paske vyòl SE yon ijans
PSA
PSA
"Mwen kwè mwen te konnen l…"
"Mwen sèlman vle bo li…"
"Li di li te yo direktè…"
"Mwen kwè mwen te ansekirite…"
NY1 PSA
NY1 PSA